Home » People & Blogs » Moun Bènagous ap aprann li ak ekri pour Ayiti vanse pi lwen

Moun Bènagous ap aprann li ak ekri pour Ayiti vanse pi lwen

Written By Contre la Pauvrete Extreme on Thursday, Jul 17, 2014 | 04:41 AM

 
Klas alfabetizasyon yo ap vanse nan Bènagous!!! Klas alfabetizasyon yo ap vanse kòmsadwa nan plizyè lokalite nan premyè seksyon Bènagous. Patisipan yo satisfè ak metòd monitè yo itilize pou aprann yo konprann pi vit enpi pi byen. Daprè anpil nan yo, pwogram alfabetizasyon sa a se anlè yo t'ap chèchel, men jounen jodi a yo jwenn li atè nan mitan Bènagous. Pou kèk lòt, je yo kòmanse louvri pou yo wè pi klè. Zafè pou y ap fè ti kwa lè yap siyen an, sa fini, yo ekri non yo kòm sa dwa. kominote a fè yon gran pa nan sans sa a e sa montre nou volonte ak konviksyon Administrasyon Mateli ak Gouvènman Lamòt la pou kaba analfabetism sou teritwa Bènagous la, pa lwen rive.